Diferans Ant Trading ak Envestisman (Eksplikasyon Senp Pou Débutan)

 Diferans Ant Trading ak Envestisman (Eksplikasyon Senp Pou Débutan)

Anpil moun konn konfonn trading ak envestisman.

Yo sanble menm bagay… men yo pa menm jwèt la.

Si ou vle antre nan mache finansye yo, ou dwe konprann diferans lan depi nan kòmansman.


Ki sa Envestisman ye?

Envestisman se lè ou mete lajan nan yon byen pou long tèm.

Ou achte yon bagay epi ou kenbe li pandan ane.

Egzanp:

  • achte aksyon

  • achte tè

  • achte kriptomonnen pou plizyè ane

Objektif la:
👉 kite tan fè valè a monte.

Yon envestisè pa gade pri chak jou.
Li panse an ane.


Egzanp senp

Ou achte aksyon nan yon gwo konpayi.

Ou kenbe li pandan 5 ane.

Si konpayi an grandi, lajan ou grandi tou.

Sa rele envestisman.


Ki sa Trading ye?

Trading diferan.

Trader pa tann ane.

Trader pwofite mouvman pri yo.

Li ka:

  • achte jodi a

  • vann menm jou a

  • oswa kenbe trade pandan kèk èdtan oswa kèk jou

Objektif trader la:
👉 fè pwofi sou mouvman kout tèm.

Trader ap analize graf chak jou.


Diferans prensipal yo

TradingEnvestisman
Kout tèm       Long tèm
Analiz mouvman pri      Analiz valè konpayi
Aktivite chak jou      Pasif
Bezwen disiplin rapid      Bezwen pasyans long
Revni regilye posib      Kwasans dousman

Ki youn ki pi bon?

Pa gen youn ki pi bon pase lòt.

Sa depann de objektif ou.

Si ou vle:

  • bati richès dousman → envestisman

  • kreye revni aktif → trading

Gen moun ki fè toude ansanm.


Poukisa anpil jèn enterese nan Trading?

Paske trading pèmèt ou:

  • travay ak entènèt sèlman

  • pa bezwen gwo kapital

  • jwenn opòtinite atravè prop firm

  • devlope yon konpetans entènasyonal

Men li mande plis disiplin pase envestisman.


Pi gwo erè débutan fè

Yo antre nan trading ak mentalite envestisè.

Yo kenbe trade ki pèdi twòp tan.

Oswa yo envesti tankou trader epi yo panike lè pri a bouje.

Konprann diferans lan evite anpil pèt.


Konklizyon

Envestisman = plante yon pye bwa epi tann li grandi. 🌱
Trading = travay chak jou pou rekòlte fwi yo. 🌾

Tou de bon.

Men avan ou kòmanse, ou dwe konnen:
ki jwèt ou chwazi jwe.

Nan pwochen atik la, nou pral pale sou:
Èske trading se jwèt aza oswa yon konpetans reyèl?

Commentaires