Kijan pou w evite pèdi Challenge ou nan premye jou yo?

Gid Sivivan: Kijan pou w evite pèdi Challenge ou nan premye jou yo?

Ou fèk peye challenge lan, ou resevwa kòd login ou yo, epi kè w ap bat fò. Ou anvi kòmanse trade pou w fè gwo pwofi. Stop! Se egzakteman nan moman sa a pifò moun kraze kont yo.

Si w vle evite pèdi challenge ou rapid, swiv 5 konsèy lò sa yo:

1. Pa riske plis pase 0.5% sou premye trade la

Anpil moun vle kòmanse ak yon "gwo kout bòl" (Big Win). Yo riske 2% oswa 3% sou premye trade la. Si trade sa a pa bon, ou kòmanse challenge lan ak yon balans negatif (-3%).

  • Sikoloji a chanje: Ou kòmanse panike, ou vle rekipere kòb sa a vit, epi se la "revenge trading" la kòmanse.

  • Konsèy: Riske piti anpil nan kòmansman an. Lè w gen yon ti pwofi (buffer), wa monte risk la a 1% si w vle.

2. Kalkile "Lot Size" ou avan ou klike

Pa janm antre nan yon trade si w pa konnen egzakteman konbyen dola w ap pèdi si mache a touche Stop Loss ou.

  • Sèvi ak yon Position Size Calculator.

  • Sou yon kont $100,000, si w vle riske 0.5%, Stop Loss ou dwe vo $500. Pa devine li nan tèt ou, kalkile l!

3. Respekte règ "3 Grèv" la

Ou bezwen yon limit pèsonèl ki pi strik pase limit Prop Firm lan.

  • Règ la: Si w pèdi 2 oswa 3 trade youn dèyè lòt nan menm jounen an, fèmen òdinatè a.

  • Menm si mache a parèt bèl apre sa, emosyon w deja blese. Yon trader ki blese pran move desizyon. Tounen demen ak yon tèt frèt.

4. Evite trade pandan gwo nouvèl (High Impact News)

Nan premye jou yo, ou pa bezwen pran gwo risk. Nouvèl tankou NFP (Non-Farm Payroll) ka fè mache a vole 100 pips nan yon segonn. "Slippage" ka rive, kote Stop Loss ou a pa ekzekite nan pri ou te vle a, sa ki ka fè w depase limit 5% daily loss la nan yon sèl kou.

  • Sekirite anvan: Rete an deyo mache a 30 minit anvan ak apre gwo nouvèl yo.

5. Bliye revèy la (Pasyans se Kle a)

Anvan, trader yo te gen 30 jou pou yo pase. Kounye a, pifò Prop Firm tankou FTMO pa gen limit tan ankò.

  • Si sa pran w 3 mwa pou w pase Etap 1 an, se pa yon pwoblèm. Sa ki pi enpòtan se pase l.

  • Pa trade sèlman paske w santi w dwe fè yon bagay. Trade sèlman lè estrateji w la ba w yon siyal ki klè 100%.


Ti rale sou Sikoloji:

Pèdi yon challenge rapid se souvan yon pwoblèm ego. Ou vle pwouve tèt ou oswa lòt moun ke ou se yon "bon trader" rapidman. Chanje mantalite sa a: Trete challenge lan tankou yon jwèt echèk kote chak mouvman dwe byen kalkile.

Commentaires