Kisa Trading Ye Vrèman? Èske se jwèt aza oswa yon konpetans?
Depi kèk tan, anpil moun ann Ayiti ap tande pale de trading. Gen moun ki di se fason pou fè lajan sou entènèt. Gen lòt ki di se jwèt aza. Gen moun ki pè li, paske yo wè lòt moun pèdi lajan.
Men kestyon an senp:
Kisa trading ye vrèman?
Trading an mo senp
Trading se lè ou eseye fè pwofi sou mouvman pri nan mache finansye yo.
Ou pa bezwen posede yon konpayi.
Ou pa bezwen rich.
Ou pa menm bezwen kite lakay ou.
Ou sèlman ap analize si pri a ap monte oswa desann.
Si ou panse pri a ap monte → ou achte.
Si ou panse pri a ap desann → ou vann.
Se tout.
Ki sa nou ap trade?
Trader yo pa toujou achte aksyon dirèkteman. Souvan yo trade endis ki reprezante gwo ekonomi mond lan, tankou:
Nasdaq-100 (gwo konpayi teknoloji yo)
S&P 500 (500 pi gwo konpayi Ozetazini)
Sa vle di ou pa bezwen kreye yon biznis teknoloji pou pwofite mouvman mache teknoloji a. Ou sèlman analize mouvman pri yo.
Trading pa jwèt aza
Ann klè.
Jwèt aza = ou pa gen kontwòl.
Ou konte sou chans.
Trading serye = ou itilize:
analiz
disiplin
risk management
estatistik
Yon trader pwofesyonèl pa antre nan mache a o aza. Li gen plan, règ, ak limit risk.
Yon bon trader ka pèdi plizyè trade youn apre lòt, men li toujou rete pwofitab sou long tèm paske li kontwole risk li.
Se sa ki fè diferans lan.
Poukisa anpil moun pèdi lajan?
Paske anpil moun antre ak move lide:
yo vle vin rich vit
yo pa aprann ase
yo pran twòp risk
yo imite lòt moun san konprann
Trading pa yon plan pou vin rich demen.
Se yon konpetans ki pran tan pou devlope.
Poukisa trading vin yon opòtinite pou Ayiti?
Jodi a, avèk entènèt:
Ou ka aprann gratis sou entènèt.
Ou ka pratike sou kont demo san risk.
Ou ka travay soti nenpòt kote.
Sa vle di yon jèn ann Ayiti kapab devlope yon konpetans entènasyonal san li pa bezwen kite peyi a.
Men siksè mande:
pasyans
disiplin
aprantisaj kontinyèl
Trading se yon metye
Menm jan ak:
doktè aprann pandan ane,
mekanisyen pratike chak jou,
mizisyen repete avan li monte sou sèn,
yon trader dwe pratike anpil avan li vin konsistan.
Se pa chans.
Se fòmasyon.
Konklizyon
Trading pa jwèt aza.
Men li pa lajan fasil non plis.
Se yon konpetans ki baze sou:
konpreyansyon mache yo
kontwòl emosyon
jesyon risk
konsistans
Si ou pare pou aprann seryezman, trading kapab tounen yon opòtinite reyèl.
Premye etap la pa fè lajan.
Premye etap la se konprann jwèt la.
Nan pwochen atik la, nou pral wè kijan prop firm yo ka pèmèt yon moun trade ak gwo kapital menm si li pa rich.
Commentaires
Enregistrer un commentaire